Pa Manyen Kouwonn Mwen [Kanaval 2016]-Djakout #1

Genre-Kanaval
Year-2016
Djakout #1, Kanaval 2016, baw

Depi n nan kanaval se premye fwa sa rive nan listwa
Nou pa ka jwenn rival depi twa zan se sèl nou menm ki wa
Yo fè tout kalite dezòd pou yo pa ba nou twofe a
Men gon Bondye kap gade
Pote kouwòn nan pou chanpyon an
Pote kouwòn nan pou djaz peyi a

Tout radyo tout tele di yo poko janm wè bagay konsa
Tanpri ban m sa m merite

Pote kouwòn nan pou chanpyon an
Pote kouwòn nan pou djaz peyi a
Gade Ti bèto kouwòn wa rete kay wa
Foure sa nan sèvèl tèt ou
Mennen m ale ale ale
Mennen m ale ale nan Kanaval
Sèl okazyon pou n defoule
Kite m ale ale ale
Kite m ale ale nan kanaval
Se moman plis moun rasanble
Pandan nou tout t ap banboche ane pase
Aksidan mete pye sa rann nou afole
Men nou pa fouti bliye jan nou te kolabore
Pou nou te kapab ede
Menm Djakout Tvice rekonsilye
Si ou te pèdi on fanmi, si ou te pèdi on zanmi
Konnen lavi pa fini – ah oui, la vie continue
Kenbe moral ou wo

Mennen m ale ale ale
Mennen m ale ale nan Kanaval
Sèl okazyon pou n defoule
Mwen si tèlman vle met lapè mwen pa anvi gade dèyè
Mwen pa sou polemik non
Mwen tèlman vle pou Ayisyen renmen mwen pa anvi goumen
Mwen pa sou polemik non
Mais l'ouvrier travail au goût du maitre
Pèp ayisyen an se li k ap di n ki sa kap fèt
Li di si pa gen tripotay – pa gen kanaval
Si pa gen polemik – pa gen kanaval
Si Djakout pa kale T-vice – pa gen kanaval
Rele kòk batay mwen an
Si se pou kale deja konnen m pral kale w – kale w (3x)
Pote gan bòks m pral bokse – biw
Pote kimono m pral fè karate – tcha
Pote pistolè m pral tire – bow
Depi m rive on konte eskonbrit pete – blow
Nan figi yo la – blow
Anba je yo la – blow
Nan babin yo la
Djakout pa janm pèdi batay
Grenadye alaso (4x)
Bizi bizi bla zibla zibla za
M ap fout blaze yo
Ki dènye fwa ou te chanpyon? (2x)
Dènye fwa mwen sonje w chanpyon mwen te nan bibon
Sa fè lontan lontan
Ki dènye fwa ou te chanpyon? (2x)
Ou toujou gen foli chanpyon
Ou son w pongongon
M ap baw yon dènye chans
Machè bay bouda w de tap – hey
Tonè boule m machandiz la vin nan menm sak la
Tonè kraze m baton an vini ak menm fòs la
Mwen ba w yon kal, de kal, twa kal
Ou la pi rèd
Map fout toupizi w nèt
Djaz sa son woulo, on woulo konpresè
Depi w pa fè respè w lap pase sou ou
Sak gen kepi – mete l anlè
Sak gen mayo – mete l anlè
Sak gen chemiz – mete l anlè
Woule woule – woule woulo a
Woule woule – pase l sou yo
Woule woule – woule woulo a
Woule woule Woule woule
Ahah voye pi rèd (3x)
Ahah voye pi rèd (2x)
Men loraj kale a – mwen di syèl la mare
Men loraj kale a– lapli pral tonbe
Men loraj kale a– lanmè pral monte
Men loraj kale a – ti Regi pral lage
Anmwey (4x)
Vwazen chache on kote w abrite w
Eya eya (4x)
Melodi
Fanatik Djakout # 1 yo flote drapo djaz peyi a
Digicel cheri ou chanpyon again ankò, again again ankò
MAS Auto Design
Ou kòmanse sou Big Star, bay dada w pou monte cha
Anmègde djaz peyi a, foure kò w nan yon konba
Yon konba ki twòp ou ou
Nou bouke imilye ou
Ou pa ka fè on bon kanaval
Sa pa nòmal, yo wè anbaw
Yo wè yo wè anbaw
Oh oh oh, oh oh
Nou mande pou w retounen sou stand
Ah anyen w pa ye
Woy, woy
Bèto jwenn piwili pou l souse li fè afè pal
Woy, woy
Bèto jwenn piwili pou l souse – li fon w lòt bagay
Sa l fè
Woy li pito foure nan tiwa l – nan tiwa l menm oh oh
Woy li pito foure nan tiwa l –
Woy li pito foure nan tiwa l
woy yo konnen Bèto
woy yo konnen Bèto – koze a pale
woy yo konnen Bèto – se ayiti l fè bagay lèd sa
Ti Bèto pat isi – BD Design sa l ye
Ti Bèto pat isi – Moza on milyon moun chante
Ti Bèto pat isi – Mache Ti Tony w tande
Pandan w ap byen danse ban m men dwat ou – men li
Pandan w ap byen danse ban m men goch ou – men li
Tankou yon sèvolan pou Djakout monte – ba l fil
Mete w an pozisyon ba l fil pou l vole
Ba l fi l, ba l fil – li vole, li vole (4x)
Li vole – pi wo (6x)
Woy, woy, Djakout dous (3x)
Men loraj kale a – mwen di syèl la mare
Men loraj kale a– lapli pral tonbe
Men loraj kale a– lanmè pral monte
Men loraj kale a – Ti Regi pral lage